Gessica Généus Instagram – “Freda” resevwa, lendi 21 fevriye 2022 a, nan peyi Lafrans, pri “Meilleur premier film étranger » Sendika Fransè Kritik Sinema a.
Pri Sendika Fransè Kritik Sinema ak fim televizyon yo rekonpanse pi bon liv literè, DVD sinema ak pwodiksyon televizyèl ak sinematografik yo chak ane.
Freda te nan konpetisyon ak Midnight Traveler, fim Hassan Fazili a, ak Olga, fim Elie Grappe la. Se fim Gu Xiaogang nan “Séjour dans les monts Fuchun” ki te loreya pou ane 2020 an. | Posted on 22/Feb/2022 05:49:01



